Archives des Yon kesyon - Radio Télé Masseillan Info

Yon kesyon | Èske lang kreyòl la kapab vrèman pwodui konesans an Ayiti fas ak defi ki egziste yo ?
Lang kreyòl la ak defi pwodiksyon konesans an Ayiti

Malgre kreyòl se lang majorite pèp ayisyen an pale chak jou, li toujou ap lite pou jwenn tout plas li nan lavi kiltirèl, entelektyèl ak akademik peyi a. Ant mank enstitisyon, mank aktivite literè ak absans politik lang solid, kestyon an rete poze : poukisa lang pèp la kontinye viv tankou yon mati nan pwòp sosyete pa li ?

Plis pase dis milyon Ayisyen pale kreyòl kòm premye lang yo. Depi Konstitisyon 1987 la, li se youn nan de lang ofisyèl peyi a ansanm ak franse. Men malgre rekonesans legal sa a, lang nan toujou pa jwenn tout plas li nan anpil espas kote konesans ak lavi kiltirèl ap devlope.

Pa gen ase festival teyat an kreyòl ki ta ka ankouraje dramatij ak aktè yo ekri ak jwe nan lang sa. Pa gen ase gwo pri literè ki ta rekonpanse ekriven ki chwazi kreye nan kreyòl. Menm nan mizik, malgre anpil chante fèt nan lang sa, pa gen ase evènman ki fèt espesyalman pou selebre richès powetik ak estetik li.

Yon lang pou panse ak devlope

Yon lang pa viv sèlman paske moun pale li chak jou. Li bezwen liv, teyat, rechèch ak refleksyon pou li vin tounen yon zouti pwodiksyon konesans. San espas sa yo, menm yon lang ki trè vivan ka rete limite nan fonksyon kominikasyon sèlman.

Lengwis ayisyen Yves Dejean te toujou souliye ke yon pèp aprann ak devlope pi byen lè li sèvi ak lang li konprann tout bon an. Pou li menm, mete kreyòl nan sant edikasyon se pa sèlman yon kestyon kiltirèl, men yon kestyon devlopman.

Nan menm liy refleksyon sa a, pwofesè lengwistik Michel DeGraff fè remake ke kreyòl gen menm kapasite ak nenpòt lòt lang pou eksprime syans, filozofi oswa panse abstrè. Pwoblèm nan pa lang nan, men espas yo refize ba li nan enstitisyon ak nan sistèm edikasyon an.

Lang kreyòl la bezwen plis ekriven, chèchè ak atis ki pran angajman pou ekri li, reflechi sou li epi sèvi avè l nan tout domèn konesans. Paske yon lang ki ekri, ki reflechi, ki kreye, se yon lang ki bati avni.

Se lè kreyòl antre vrèman nan liv, nan rechèch ak nan lavi entelektyèl peyi a li ap sispann viv tankou yon mati, pou li tounen sa li deja ye nan reyalite : gwo lang yon pèp ki gen listwa, imajinasyon ak kapasite pou panse mond lan.

James Fleurissaint

jamessy12@yahoo.fr

L’article Yon kesyon | Èske lang kreyòl la kapab vrèman pwodui konesans an Ayiti fas ak defi ki egziste yo ?  est apparu en premier sur Radio Télé Masseillan Info.

Yon kesyon | Poukisa limyè ble ekran an konn anpeche nou dòmi ?
Limyè ble se yon kalite limyè ki gen yon longèdonn (longueur d’onde) kout (ant 380 nm ak 500 nm) e ki emèt anpil nan ekran telefòn, tablèt, konpitè ak televizyon. Limyè sa a pi « entans » pou je a e li gen kapasite pou afekte ritm sikadyen (rythme circadien) nou, sa vle di mont enteryè ki kontwole lè nou reveye ak lè nou dòmi.

Nan kò a, òmòn melatonin se mesaj natirèl ki di sèvo a « li lè pou dòmi. » An tan nòmal, kò a kòmanse pwodwi melatonin tanzantan apre solèy kouche; sa ede kò a prepare pou repo lannuit la. Men lè nou ekspoze tèt nou a limyè ble nan aswè, sèvo a entèprete li tankou limyè solèy la epi ralanti pwodiksyon melatonin, sa ki fè li pi difisil pou dòmi pran w e ki ka retade sik dòmi-reveye a.

Etid syantifik yo montre menm yon èdtan ekspoze a limyè ble anvan kabann ka diminye melatonin jiska plis pase 50 %, sa ki lakòz moun pran plis tan pou dòmi e gen mwens dòmi pwofon. Pwoblèm nan pa sèlman tan pou tonbe nan dòmi, men tou « kalite » dòmi an ka afekte.

Anplis, ekspoze a limyè ble nan aswè ka fè sèvo a panse li toujou lajounen, kidonk li pa lage siyal ki nesesè pou kò a chanje nan « mòd repo. » Sa eksplike poukisa lè w ap gade ekran li fè w rete reveye, menm si w santi w fatige.

Etid yo montre tou si yon moun evite limyè ble 1–2 èdtan anvan l dòmi, sa ka ede melatonin retounen pi rapid epi fè w dòmi pi byen.

Men kisa w ka fè pou evite ekspoze je w ak limyè ble ekran. Limite itilizasyon aparèy, sèvi ak mòd « nwit » oswa filtè limyè ble, oswa senpleman chwazi aktivite kalm tankou li yon liv anvan w kouche.

N ap raple w limyè ble pa sèlman nan ekran w ap itilize yo; limyè LED nan chanm nan oswa lòt sous limyè entans nan aswè ka genyen menm efè a sou ritm sikadyen ou.

RTMI

L’article Yon kesyon  | Poukisa limyè ble ekran an konn anpeche nou dòmi ? est apparu en premier sur Radio Télé Masseillan Info.

Presyon seksyèl premye fwa : mit oswa reyalite pou gason ?
Wi, menm jan ak fanm, gason souvan fè fas ak yon gwo presyon emosyonèl ak fizik pandan premye eksperyans seksyèl yo. Anpil moun panse se sèlman fanm ki pote chay emosyonèl sa a, men syans ak rechèch nan 10 dènye ane yo montre yon lòt reyalite : gason tou sibi presyon pèfòmans, krent sou imaj kò yo, ak atant sosyal ki konn tounen yon sous estrès. Premye fwa a souvan vin tounen yon moman chaje ak mit, prejije, epi espektasyon twòp, olye li ta yon eksperyans natirèl ak senp. Se nan kontèks sa a, plizyè etid medikal ak sikolojik mete limyè sou jan anksyete, presyon sosyete, ak pèfòmans seksyèl mare ansanm pou kreye difikilte reyèl lakay anpil gason.

Presyon ak Anksyete Fizik

Anksyete pèfòmans seksyèl (Sexual Performance Anxiety):

Sa a se yon fòm anksyete kote gason pè yo pa ka “pèfòme” tankou kenbe oswa jwenn epidisyon, avan oswa pandan ak seksyèl la. Li kapab lakoz difikilte tankou ereksyon ki pa maton, ejkilasyon twò vit oswa twò rèd, menm pa gen ògasm. Sentòm fizik yo enkli kè ki bat vit, swe, ak tansyon ki ogmante. Rechèch montre  ant 9% pou rive 25% gason soufri sa.

Sitiyasyonèl disfonksyon erektil (Situational ED):

Plizyè jèn gason, patikilyèman lè yo fè eksperyans seksyèl pou premye fwa, fè eksperyans difikilte erektil ki asosye ak estrès oswa santiman de tèt yo. Yon revizyon te jwenn ke jiska 30% gason seksyèlman aktif anba 25 lane te rapòte omwen yon epizòd difikilte erektil sa a. Sa yo te souvan tanporè epi pa t reflechi yon pwoblèm fizik grav .

Reyaksyon fizyolojik estrès:

Lè yon gason santi gwo presyon sou tèt li, sistèm « lagè-ou-fouye » nan kò a aktive: kè bat pi vit, respirasyon twouble, akòz ogmantasyon nan kòtizòl ak adrenalin. Sa redwi san nan grenn nan epi rann ereksyon an difisil oswa efemè.

Imaj kò ak konparezon sosyal:

Sosyete, medya, ak pònografi souvan mete yon imaj gason “atiran, konfyan, toujou pare pou fè sèks.” Lè gason pa satisfè sa, yo santi yo fèb, e sa ogmante estrès pandan premye fwa a .

Gwosè bwa :

Gen yon preyokipasyon entèlektyèl sou gwosè bwa anpil gason pote depi adolesan. Li sibi enpak sosyal kote yo santi yo dwe satisfè patnè yo fizikman, e sa ka rann yo plis anksye .

Espektasyon pèsonèl ak sosyal sou bon jan “pèfòmans”:

Sosyete prezante premye fwa seksyèl kòm yon moman kritik ki rive yon sèl fwa; echèk oswa difikilte nan moman sa a ka fè moun santi yo jije, ensekirite, oswa pè pou yo echwe ankò .

Efè sou konfyans seksyèl ak sante seksyèl alavni:

Etid montre ke gason ki santi yo pa te « prepare » oswa ki konsidere yo twò jèn oswa twò gran pou premye fwa, souvan devlope plis anksyete pèfòmans, ki diminye konfyans seksyèl (sexual self-efficacy), e sa ka afekte relasyon yo nan lavni .

Santiman de regrè oswa konfizyon:

Yon rechèch sou kòmanse aktivite seksyèl (sexual debut) sou plis pase 6 000 etidyan jiska 2019 revele ke pandan majorite (57%) te santi tan apik pou premye fwa seksyèl yo, pifò gason te santi mwens regrè pase fanm. Sepandan, pifò nan sa ki te regret se te moun ki te santi yo te twò jèn oswa pa t pare pou sa .

Pi gwo presyon yon gason ka fè fas lè l ap fè premye eksperyans seksyèl li gen rapò ak anksyete pèfòmans fizik, estrès sosyal, ak òbjektif pèfòmans entèlektyèl. Sou plan fizik, sa souvan manifeste kòm difikilte erektil tanporè oswa tout bon. Espirityèlman li mande konfyans, edikasyon, ak kominikasyon ouvè pou redwi sa a.

RTMI

L’article Presyon seksyèl premye fwa : mit oswa reyalite pou gason ? est apparu en premier sur Radio Télé Masseillan Info.

Yon kesyon | Èske w te konnen makiyaj ou itilize a ka mete sante w an danje?
Depi kilè ou tchyeke dat ekspirasyon pwodwi makiyaj ou yo? Èske w konnen lè yo ekspire, yo ka gate po w oswa mennen ou lopital? Eske w konn lave bwòs ou yo? Eske w deja prete maskara oswa eseye yon lipstick nan yon magazen? Ki atik nan twous makiyaj ou ki gen plis bakteri ladan l: maskara, eyeliner, eponj oswa bwòs?

BBC fè yon gwo ankèt sou makiyaj. Jodi a, nan ribrik « Yon kesyon » nan RTMI, nou gen plezi prezante w rezilta ankèt sa a ki gen anpil enpòtans pou tout fanm ki fè makiyaj.

BBC te pran plis pase 70 pwodwi makiyaj ki te ekspire (eyeliner, gloss, lipstick, fondeten, bwòs, eponj…) epi mete yo anba mikwoskòp yon chèchè nan London Metropolitan University, Dr Maria Pilar Botey-Salo. Rezilta yo te chokan.

Echantiyon ki te pi kontamine a, se te kreyon pou je a. Yo te jwenn anpil bakteri ladan l, tankou staphylococcus. Bakteri sa a ka soti sou po a, epi li ka lakoz maladi tankou iritasyon, konjonktivit, enfeksyon po ak lòt.

Doktè a eksplike si po w pa blese, gen plis chans pou bakteri yo pa rantre. Men si ou gen blesi, oswa si sistèm iminitè w fèb, sa ka vin danjere.

Lè ou pa lave men ou, ou mete bakteri sou figi w. Pi mal toujou, gen pwodwi kote yo jwenn bakteri ki soti nan poupou. Wi, ou li byen. Enterobacter cloacae, yon mikwòb ki abite nan trip, yo te jwenn li sou kèk pwodwi. Doktè Maria konseye pou fèmen twalèt la avan ou tire dlo, paske ti gout dlo ki gen mikwòb ka vole jouk 2 mèt wotè.

Yo jwenn tou E.coli (ki soti nan poupou), ak fongis ki ka bay « Candida » (maladi nan bouch oswa pati entim). 79% a 90% pwodwi makiyaj yo gen mikwòb ladan yo, dapre yon lòt rechèch Aston University te fè.

Kisa pou w fè pou pwoteje tèt ou?

Men konsèy Dr Botey-Salo ak lòt ekspè yo bay :

• Lave men ou anvan ou mete makiyaj

• Pa sèvi ak testè nan magazen

• Lave bwòs ak eponj yo ak dlo cho ak savon. Seche yo byen

• Pa kite makiyaj nan twalèt

• Toujou mete kouvèti sou maskara, eyeliner, fondeten

• Tchyeke dat ekspirasyon pwodwi yo. Si pa gen dat, jete l apre 3 mwa

• Pa pataje makiyaj ak pèsonn

• Si ou gen maladi oswa sistèm defans ou fèb, fè plis atansyon.

Se vre, tout moun renmen bèl. Men pandan n ap chache fè bèlte a, fòk nou pa bliye sante nou ki pi enpòtan pase tout bagay. Makiyaj ka mete konfyans, li ka mete souri sou figi n, men li ka tou mete mikwòb sou po nou, enfeksyon nan je nou, ak maladi anndan kò nou. Lè nou bliye lave men nou, netwaye bwòs nou, chanje pwodui ki ekspire yo, oswa nou kite twous makiyaj nou nan twalèt nou, se pa sèlman bèlte n  nou mete an danje, se lasante nou tou.

Pandan n ap kontinye fè tèt nou bèl, an n pa bliye detay sa yo ki enpòtan anpil : mikwòb yo, dat ekspirasyon pwodwi yo, epi sa ki ka pase si nou pa fè atansyon. Paske makiyaj ka kache bouton, li ka mete koulè sou figi, men li paka kache risk.

Sonje byen, pi bon makiyaj se yon po ki an sante.

RTMI | Yon kesyon

L’article Yon kesyon |  Èske w te konnen makiyaj ou itilize a ka mete sante w an danje? est apparu en premier sur Radio Télé Masseillan Info.

Ki danje ak avantaj rezo sosyal yo sou vi pèsonèl nou?
Jounen jodi a, li prèske enposib pou imajine lavi san rezo sosyal. Facebook, Instagram, TikTok, WhatsApp ak lòt yo tounen yon pati enpòtan nan fason nou kominike, enfòme ak amize nou. Men, èske yo vrèman bon pou nou? Rezo sosyal yo pote anpil avantaj, men yo gen danje tou ki ka afekte lavi pèsonèl nou san nou pa rann nou kont.

Crédit photo : RadioCanada

An n gade ansanm avantaj yo :

1. Kominikasyon pi fasil

Rezo sosyal yo fè nou kapab rete an kontak ak fanmi ak zanmi, kèlkeswa kote yo ye nan mond lan. Yon mesaj sou WhatsApp, yon apèl videyo sou Messenger. Nou gen kòm enpresyon distans la pa menm egziste ankò.

2. Aksè ak enfòmasyon

Nou ka aprann anpil bagay sou rezo sosyal yo. Yon moun ka suiv nouvèl, aprann nouvo konpetans, jwenn konsèy sou lavi chak jou oswa menm aprann yon metye.

3. Opòtinite ekonomik

Anpil moun jodi a ap fè lajan ak rezo sosyal yo. Gen moun k ap vann pwodwi, k ap fè maketing, oswa k ap travay kòm enfliyansè. Si yon moun konnen ki jan pou li itilize yo byen, li ka chanje lavi li.

4. Amizman ak relasyon sosyal

Videyo TikTok, blag sou Facebook, mizik sou YouTube… rezo sosyal yo bay anpil fason pou nou detann nou. Anplis, yo ka ede nou rankontre nouvo moun epi devlope rezo relasyon nou.

An n wè danje yo kounya :

1. Pèt tan ak depandans

Gen moun ki pa ka pase senk minit san yo pa tcheke telefòn yo. Rezo sosyal yo ka tounen yon depandans ki fè nou pèdi tan nou san nou pa menm rann nou kont.

2. Enpak sou sante mantal

Twòp rezo sosyal ka lakòz estrès, depresyon ak santi ou pa ase bon. Lè w ap wè lòt moun ap afiche bèl foto ak bèl lavi, ou ka santi lavi pa w pa vo anyen, pandan w pa konnen si sa yo montre a se verite.

3. Pwoblèm vi prive

Yon fwa ou mete enfòmasyon ou sou rezo sosyal, ou pa gen kontwòl sou li ankò. Gen moun ki pèdi travay yo paske yo te afiche bagay ki pa t dwe piblik. Lòt ka viktim vòl idantite oswa moun k ap eseye manipile yo.

4. Move enfòmasyon ak manipilasyon

Rezo sosyal plen ak fo nouvèl. Gen moun ki kreye manti pou enfliyanse panse lòt moun, espesyalman sou politik, sante ak afè sosyal. Si ou pa reflechi sou sa w li, ou ka fasilman tonbe nan pyèj la.

Aprè nou fin prezante w divès avantaj ak dezavantaj rezo sosyal yo sou lavi nou, li enpòtan pou n gade nan ki nivo posib nou kapab limite dega yo.

Kisa w dwe fè ?

Dabò, fè atansyon ak sa w ap pataje : Pa mete twòp enfòmasyon pèsonèl sou rezo sosyal. Answit, kontwole tan w ap  pase sou yo: Mete limit pou w pa gaspiye tout jounen w ap panse ak rezo yo. Li enpòtan pou w verifye enfòmasyon avan w kwè yo: Pa kouri pataje nouvèl san w pa fin sèten li vrè.

Ou dwe tou konprann rezo sosyal se yon ilizyon: Pifò moun afiche sa ki bèl sèlman, pa konpare lavi w ak sa w wè sou ekran an.

Boutofen, kòm ou ka wè l, rezo sosyal yo gen avantaj yo, men yo gen dezavantaj yo tou. Depi w aprann itilize yo ak entèlijans epi ak mwayen pou pwoteje tèt ou, ou ka benefisye de yo san ou pa tonbe nan move konsekans yo. Kesyon an se : Èske ou kontwole rezo sosyal yo, oswa se yo k ap kontwole w ?

Radio Télé Masseillan Info (RTMI)

L’article Ki danje ak avantaj rezo sosyal yo sou vi pèsonèl nou?  est apparu en premier sur Radio Télé Masseillan Info.

Kisa ki « Effet Barnum » lan ?
Nan lavi chak jou, nou souvan konfwonte ak sitiyasyon kote nou santi kèk fraz oswa deskripsyon pèsonalite sanble fèt espesyalman pou nou. Pa egzanp, lè w tande yon moun di : ou se yon moun ki gen bon kè, men ou souvan pa santi w apresye. Ou touswit santi se pou ou pawòl sa ye. Se lavi w l ap dekri. Men, èske w te konnen sansasyon sa a se yon efè sikolojik yo rele « Effet Barnum » ?

« Effet Barnum » lan, yo rele l tou « Effet Forer », « Effet de Validation Subjective » oswa « Effet Puits », se yon mòd panse kote nou gen tandans aksepte yon deskripsyon jeneral sou pèsonalite nou kòm si l t ap pale de nou menm sèlman. An reyalite, se yon ilizyon sikolojik ki fèt lè nou kwè yon fraz ki kapab aplike pou tout moun se yon bagay ki vrèman ap dekri nou. Se kalite efè sa a moun k ap fè owoskòp, « coaching motivation », gid espirityèl souvan itilize pou manipile kwayans ak santiman moun.

Fenomèn sa a, ki pote non P.T. Barnum, yon antreprenè ameriken ki te koni pou abilite li nan manipile emosyon moun, baze sou kapasite moun genyen pou aksepte deskripsyon jeneral ak vag kòm si yo te pèsonalize. An reyalite, sikològ Bertram Forer te fè eksperyans sou sa an 1948, kote li te bay chak etidyan yon deskripsyon pèsonalite ki te sanble trè presi. Malgre sa, tout elèv yo te resevwa menm tèks la. Rezilta yo te montre majorite etidyan yo te kwè deskripsyon an te koresponn ak yo pèsonèlman.

Sa ki eksplike efè sa a, se lefèt ke nou tout ap chèche validasyon emosyonèl epi nou gen tandans konsantre sou aspè pozitif yo, pandan n ap inyore sa ki pa koresponn ak nou. Se poutèt sa, nou fasil tonbe nan pyèj owoskòp, tès pèsonalite sou entènèt ak prediksyon moun ki pretann li lespri nou.

Pi lwen toujou, Efè Barnum lan ouvè chemen pou manipilasyon sikolojik. Moun ki fè fo pwofesi, fo gid espirityèl, oswa moun ki pretann yo ka li avni, pwofite sou feblès sa a pou kontwole kwayans ak desizyon moun. Kidonk, lè nou vin konsyan de mekanis sa a, sa ede nou devlope yon lespri kritik epi evite pran desizyon sou baz enfòmasyon ki pa fonde.

An reyalite, solisyon an pa tèlman difisil. Se aprann mande tèt nou chak fwa nou tande yon deskripsyon : « Èske sa ka aplike ak tout moun ? Èske se vrèman de mwen y ap pale, oswa se lide jeneral ki kapab mache ak nenpòt moun ? » Se nan refleksyon sa a nou ka evite manipilasyon epi vin plis okouran de fason lespri nou fonksyone.

Kidonk, « Effet Barnum » lan pa jis yon jwèt lespri. Li se yon kle pou konprann kijan nou pran desizyon epi kijan nou wè tèt nou nan sosyete a.

E ou menm, èske w panse w te deja viktim Efè Barnum san w pa t remake sa ?

Yon kesyon | Ribrik | RTMI

Sous : thedecisionlab.com

L’article Kisa ki « Effet Barnum » lan ? est apparu en premier sur Radio Télé Masseillan Info.

Depi kilè prèt katolik yo pa gen dwa marye ?
Kontrèman ak Prèt otodòks ak maronit yo, prèt katolik yo oblije rete selibatè. Men, èske w konnen sa pa t toujou konsa ?  Pandan prèske mil ane, prèt katolik yo te gen dwa marye. Sen Pè, premye Evèk lavil Wòm, te gen madanm. Genyen kèk Pap, tankou Fèlis III ak Ormidas, ki te papa fanmi. Donk, si maryaj Prèt yo te aksepte pandan tout tan sa a, poukisa li vin entèdi depi prèske mil ane ?

Gehende Priester, Pastoren, Kleriker , CP : Le Point

Nan premye syèk kretyen an, pa t gen okenn entèdiksyon fòmèl sou maryaj Prèt yo. Daprè istoryèn Isabelle Rosé, nan liv li Le Mariage des prêtres, une hérésie ? (PUF, 2023), Kris pa janm pale sou sijè sa a nan levanjil la, e pifò apot yo te marye. Konsa, Prèt yo te konn gen fanmi san sa pa t deranje pèsonn. Menm Sen Pòl, ki te konn fè diskou strik sou seksyalite, te gen yon pozisyon modere sou maryaj. Li te di : “Mwen panse seliba bon, men si ou deja marye, pa kite madanm ou. Si ou pa marye, pa chèche maryaj non plis.”

Kòmansman seliba fòse a

Se nan 4yèm syèk la kesyon seliba a kòmanse parèt lè kretyen yo vin gen plis pouvwa nan Anpi Wòm. Konsa, konsèy Elvira (an 305) te entèdi prèt yo marye apre yo fin òdone, epi li te mande sa ki deja marye pou yo sispann fè sèks ak madanm yo. Men, sa te aplike sèlman nan kèk kote, paske Legliz katolik la pa t ankò santralize.

Malgre sa, majorite prèt yo te kontinye viv ak fanmi yo san pwoblèm. Sitiyasyon an chanje nèt nan 11yèm syèk la, men se pa pou rezon espirityèl, men pito pou rezon materyèl.

Pwoteksyon richès Legliz la

Nan epòk sa a, Prèt marye yo te konn pase fonksyon relijye yo bay pitit gason yo, menm jan ak yon biznis fanmi. Sa te fè kèk fanmi prèt tounen veritab dinasti ki t ap kontwole byen Legliz la. Wòm te pèdi kontwòl sou pwopriyete legliz yo, pandan chèf fewodal yo te mete men sou tè ak resous relijye yo.

Se konsa, Pap yo te deside mete fen nan pratik maryaj Prèt yo. Yo te lanse yon veritab kanpay pou fè wòb ak madanm Prèt yo pase pou “femèl Satan” ak “pwazon pou nanm yo.” Pi radikal pami refòmatè yo, tankou Pyè Damian, te menm konpare yo ak jèn fi ki vann kò yo.

Men, selon istoryèn Isabelle Rosé, sa pa t sèlman yon kesyon lajan. Legliz la te bezwen ranfòse otorite li sou prèt yo, sitou andeyò Wòm kote enfliyans li te limite. Enpoze seliba a te pèmèt li mete lòd epi kontwole pi byen klerje a. Epitou, li te vle mete Prèt yo sou yon lòt nivo pase fidèl òdinè yo, pou fè yo parèt kòm yon gwoup apa, pi wo sou plan espirityèl la.

Rezistans kont seliba a

Malgre sa, anpil prèt pa t vle obeyi. Pap Nicolas II (1059-1061) ak Grégory VII (1073-1085) te pran mezi radikal : yo te oblije Prèt marye yo kite madanm yo, epi yo te deklare pitit Prèt yo ilegal.

Men, se pa t fasil pou aplike règ sa yo. Gen anpil Prèt ki te kontinye defann maryaj klèje a. Yo te di yo pa t mòn, men chanwa ( Klèje ki viv an kominote). Genyen ki te menm di, si yo pa t gen madanm, yo ka tonbe nan peche omoseksyalite, ki te yon gwo krim relijye nan epòk la.

Nan Angletè, wa Henri I te mete yon amann sou Prèt ki te viv ak madanm yo, malgre desizyon sa, pifò te prefere peye amann lan olye yo kite madanm yo. Se nan 12yèm syèk la seliba a te vin finalman aksepte ak plis restriksyon. Evèk yo te vin pi byen kontwole pa Wòm epi yo te kòmanse vizite pawas yo pou verifye si Prèt yo respekte règ yo.

Men, sa pa t anpeche kèk Prèt viv nan kache ak madanm oswa mennaj, menm jan sa toujou ap fèt jodi a.

RTMI

Sous : Le point / BFMTV / Diocèse de Paris

L’article Depi kilè prèt katolik yo pa gen dwa marye ?  est apparu en premier sur Radio Télé Masseillan Info.