Archives des Ayiti - Radio Télé Masseillan Info

Yon kesyon | Èske lang kreyòl la kapab vrèman pwodui konesans an Ayiti fas ak defi ki egziste yo ?
Lang kreyòl la ak defi pwodiksyon konesans an Ayiti

Malgre kreyòl se lang majorite pèp ayisyen an pale chak jou, li toujou ap lite pou jwenn tout plas li nan lavi kiltirèl, entelektyèl ak akademik peyi a. Ant mank enstitisyon, mank aktivite literè ak absans politik lang solid, kestyon an rete poze : poukisa lang pèp la kontinye viv tankou yon mati nan pwòp sosyete pa li ?

Plis pase dis milyon Ayisyen pale kreyòl kòm premye lang yo. Depi Konstitisyon 1987 la, li se youn nan de lang ofisyèl peyi a ansanm ak franse. Men malgre rekonesans legal sa a, lang nan toujou pa jwenn tout plas li nan anpil espas kote konesans ak lavi kiltirèl ap devlope.

Pa gen ase festival teyat an kreyòl ki ta ka ankouraje dramatij ak aktè yo ekri ak jwe nan lang sa. Pa gen ase gwo pri literè ki ta rekonpanse ekriven ki chwazi kreye nan kreyòl. Menm nan mizik, malgre anpil chante fèt nan lang sa, pa gen ase evènman ki fèt espesyalman pou selebre richès powetik ak estetik li.

Yon lang pou panse ak devlope

Yon lang pa viv sèlman paske moun pale li chak jou. Li bezwen liv, teyat, rechèch ak refleksyon pou li vin tounen yon zouti pwodiksyon konesans. San espas sa yo, menm yon lang ki trè vivan ka rete limite nan fonksyon kominikasyon sèlman.

Lengwis ayisyen Yves Dejean te toujou souliye ke yon pèp aprann ak devlope pi byen lè li sèvi ak lang li konprann tout bon an. Pou li menm, mete kreyòl nan sant edikasyon se pa sèlman yon kestyon kiltirèl, men yon kestyon devlopman.

Nan menm liy refleksyon sa a, pwofesè lengwistik Michel DeGraff fè remake ke kreyòl gen menm kapasite ak nenpòt lòt lang pou eksprime syans, filozofi oswa panse abstrè. Pwoblèm nan pa lang nan, men espas yo refize ba li nan enstitisyon ak nan sistèm edikasyon an.

Lang kreyòl la bezwen plis ekriven, chèchè ak atis ki pran angajman pou ekri li, reflechi sou li epi sèvi avè l nan tout domèn konesans. Paske yon lang ki ekri, ki reflechi, ki kreye, se yon lang ki bati avni.

Se lè kreyòl antre vrèman nan liv, nan rechèch ak nan lavi entelektyèl peyi a li ap sispann viv tankou yon mati, pou li tounen sa li deja ye nan reyalite : gwo lang yon pèp ki gen listwa, imajinasyon ak kapasite pou panse mond lan.

James Fleurissaint

jamessy12@yahoo.fr

L’article Yon kesyon | Èske lang kreyòl la kapab vrèman pwodui konesans an Ayiti fas ak defi ki egziste yo ?  est apparu en premier sur Radio Télé Masseillan Info.

Fanm klèb, Ba ou sèvez : yon nouvo fòm pwostitisyon nan Pòtoprens
Depi gran tranbleman tè 12 janvye 2010 la, aktivite klèb yo pa sispann pleple nan kapital pòtoprens lan. Sou tout  bò lari Dèlma, Taba ak lòt kote nan kapital la, nou remake plizyè medam ki swa chita oubyen kanpe devan yon  Ba-Restoran. Ti bout jip ra bouda, pantanlon san fouk, yon seri abiman pou mete kò yo an valè, nan optik pou atire kliyan an. Konsa, kliyan ki rive konsome a s on  moso lespwa anplis paske yo espere pase yon bon moman, petèt yon bon lannwit.  Bon moman si kliyan konsome anpil byè, paske sou chak boutèy yo gen 15 goud, mete sou « tape » kliyan sa kapab ba yo (yon monnen kliyan chwazi fè kado selon apresyasyon l pou fanm ki sèvi l la). Yon bon lannwit, si kliyan aksepte al dòmi ak moun sa a.  Se konsa lavi  kèk Fanm-Ba , pa sispann transfòme nan yon lòt fòm pwostitisyon nan Pòtoprens.

Pou n konprann byen lavi fanm k ap travay nan ba yo, nou t al founi je gade kouman sa ap dewoule nan klèb yo. Fanm  ki majorèt nan  bwase ren an, se avantaj li devan kliyan yo. Nan relasyon sèvez ak kliyan, kliyan kapab menm manyen oswa frape dèyè yo. Sa depan ralasyon kliyan ak sèvez la.  Poukisa fanm yo pase de Fanm-Ba pou vin postitiye ?

Foto pou ilistrasyon | ©️KOACI

Ayiti, travay fanm yo trè limite. Nou ta ka menm di anpil  fanm p ap  travay, akoz  fòm repwodiksyon ki nan espas sosyal yo. Sa yo k ap travay yo, ti grapday yo antre a,  pa sifi pou satisfè bezwen yo. Anplis de sa, yo pa fasil okipe gwo pòs yo. Fòk nou souliye tou travay fanm yo souvan rete envizib. Pa egzanp : bale, pase, lave, fè manje, pwòpte bebe, anpil fwa pa konsidere kòm travay pou anpil gason.  Se sa a menm madam  Mathieu Nicole-Claude rele « travay envizib la ».

Travay nan yon Ba-Restoran Ayiti fè pati  malerezman travay degradan yo. Majorite nan yo pa pran jenn fanm k al lekòl. Kontrèman ak lòt peyi tankou Lafrans,  se yon travay pou fanm ak gason ki kalifye. Nan sans n ap pale la a, jenn gason ak  jenn fanm ki travay nan Ba-Restoran yo souvan gen diplòm nivo « CAP/BEP – Bac » sa vle di Bak pwofesyonèl oswa brevè pwofesyonèl Barman. Osinon, gen fòmasyon nan otèlri ak restoran ki ka konplete ak yon mansyon konplemantè anplwaye Barman. Se egzijans sa a yo pou w ranpli si w vle travay korèkteman nan ba nan peyi Lafrans.

Sepandan, an n Ayiti, pou n pi dirèk nan komin Dèlma, travay sa a rezève pou fanm ki gen gwo dèyè, grimèl ki kapab ouvè lekò, san yo pa pran an kont fòmasyon pwofesyonèl yo.

Nan kèk Ba-restoran-otèl, Fanm-Ba yo gen yon doub fonksyon. Premyeman, yo dwe ale chèche bwason pou kliyan yo, danse, pale ak kliyan, si l vle . Dezyèman, yo mete yo nan yon espas byen defini, selon degre atirans kliyan an, swa pandan pandan y ap bwè oswa aprè, yo ka pase yon moman ansanm nan otèl la.

Darline, yon bèl fi nwa, dan blan, ak yon bèl souri, 19 lane, prèske toutouni. Li te rive nan NS1, akoz mank mwayen, li te oblije sispann etid li. Kesyone l sou travay l ap fè a, li deklare : « Nou fè kòb vre, men se pou mèt klèb la. Nou gen sèlman 15 pyas sou chak byè. Si yon moun ap ban nou « tape », se sou kès  la pou l kite l  pou nou. »

« Se pa paske m renmen sa m ap fè a, kòm ou konnen pa gen travay, nou reziyen nou. Kisa nou ka fè ? » se deklarasyon li.

Pou T-kale, yon fi ak bèl koulè jòn, bèl tèt dyòl byen awoze, ak gwo dèyè, yon tatou papiyon nan do l , manman 3 pitit, li deklare : « Aaa pa vrèman gen zafè non, m fè ti kòb la se vre, men se pa pousantaj la,  ni « tape », se  plis  ti moman yo. »

Sa fè 8 lane depi T-kale ap travay nan domèn nan, e depi 3 lane, li te kòmanse vann moman, akoz sitiyasyon difisil ak ensekirite ki afekte tout aktivite ekonomik li yo, menm Ba-Restoran kote l ap bouske penitans li an, ensekirite afekte tout nannan l.

Natacha sòti nan vil Akayè, yon jenn fi 25 lane ak 2 pitit gason pou l okipe pou kont li, ap rakonte n reyalite l. Li gen 2 lane eksperyans kòm Fanm-Ba , li te kòmanse nan novanm 2023. « Depi 2024, mwen ak 2 zanmi, n ap travay la, m ka di, nou te konn byen travay avan, nou te konn fè kòb. Men kounye a se kòb manje ak kòb transpò a sèlman nou ka fè » se sa li eksplike.

Jèn fi sa ki viv yon eksperyans li pa t janm swete rakonte nou istwa l nan travay nan Ba-restoran. Nou deside rele l Jasmine.

« Nan lane 2020 m t ap travay sou channmas la sou « Place des Artistes », Bòs la te apresye m anpil paske m te ra sèvez ki te atire tout kliyan sa yo. M te konn fè bon ti kòb, men aprè yon ventèn jou m te oblije kite travay la akoz konpòtman yon seri kliyan ki t ap asele m, menase m paske m pa nan lojik kouche ak kliyan, m pa bouzen » se sa li rakonte n.

Aprè Jasmine fin kite Channmas, li deside al chache travay nan Ba-restoran-otèl yo, ki selon li menm kapab diferan ak Channmas. Li eksplike li jwenn yon travay nan « Sensation Bar-resto » ki twouve l toujou sou Channmas la.

« Kòm jèn fi ki te bezwen lajan pou m fonksyone, m antre Sensation pwiske m te konn manje la, pou m mande travay. Yo mande pou m fè yon semèn estaj. Nan premye jounen an gen yon kliyan ki parèt ki sanble se zanmi patron an, li manyen dèyè m kareman, m bliye kote m ye pou m klase l. Patwon an li menm vini pou l di m si se konsa m pa p ka travay la. »

Jasmine eksplike depi lò li kite koze konsa a. Pou kounya li gen metye l ap viv sou li.

« Etenn limyè yo nou pral manyen sèvez yo » se ekstrè yon mizik DJ k ap woule nan espas sa yo. Depi w se sevèz, ou pa gen konsantman, rete la bay manyen w. (Se sa pawòl sa ta vle di.) W ap konprann nan ki nivo yon seri atis kontribiye nan ankouraje vyòl sou fanm ak diskriminasyon nan sosyete a.

Jan nou remake a, espas Ba-resto-otèl yo ap transfòme yon seri jèn fanm k ap chache travay pou reponn ak bezwen preliminè yo an postitiye. Sitiyasyon sosyo-ekonomik la se yon eleman enpòtan nan chanjman estati fanm sa yo, ki souvan paka pale, denonse oubyen kite travay la paske yo pa gen lòt altènativ. Lè n konsidere avantaj modèl fonksyonman sa a pote pou patwon espas sa yo, y ap kontinye fè medam yo yon seri egzijans ki pa p mennen yo lòt kote, men nan pwostitisyon. Nan ekwasyon sa a kote Leta li menm gen responsabilite pa li, kiyès reyèlman ki gen tò ? Èske n kapab dedwane jèn fanm yo de tout responsabilite yo? E patwon yo, odela enterè pou fè plis pwofi, kote respè valè moral yo pase ?

Otè : James ANTOINE

L’article Fanm klèb, Ba ou sèvez : yon nouvo fòm pwostitisyon nan Pòtoprens est apparu en premier sur Radio Télé Masseillan Info.

17 OKTOB 1806-17 OKTOB 2024, 218 LANE DEPI KLAS DOMINANT YO AK LETA ASASINE DESSALINES
Nan okazyon anivèsè 218 lane asasina lanmò gro revolisyonè ki rele Jean-Jacques Dessalines, 17 oktob 2024, komandite, konplote e dirije pa nouvo dirijan klas dominant nan tèt leta depi dat 18 oktòb 1806, li enpòtan pou klas ouvriyè a, travayè yo ak peyizan yo reflechi sou koz zak kriminèl sa ki depi lò mète tout mas popilè an jeneral nan menm soufrans epòk kolonizasyon kite chita sou systèm esklavaj e pi rèd san zèspwa apre gro batay yo te mennen Vètyè, Charye, dat 18 novanm 1803.

Moun ki etidye istwa andedan lekòl ak Inivèsite, jouk jodi a pa konprann apre 17 oktòb 1806, sou pouvwa Henry Christophe ant 28 desanm 1806 jouk 8 oktòb 1820; sou pouvwa Petion ant 10 mas 1807 jouk 29 mas 1818; sou prezidans Boyer ant 28 mas 1818 pou 10 mas 1843; sou prezidans Charles Rivière-Hérardant 4 avril 1843 pou 3 me 1844, pèsòn moun pat ka oze site nom Dessalines e pandan peryòd sa, chak 17 oktòb, gouvènman sa yo, se te lanmò “tyran” yo te konn selebre nan gro fèt bweson yon fason pou te fè kwè, 17 oktòb se rejwisans pou la LIBÈTE. Se te yon fason pou te demoralize klas popilè yo kote anpil nèg bosal yo te pran chimen mòn pou yo depi lè sa.

Jodia, tout tandans dwat jouk nan ekstrèm ki asime yo  kòm reyaksyonè andedan peyi Dayiti, an Frans, Etazini, Repiblik Dominikèn, elatriye, montre tout la èn yo kont Dessalines. Men sak DANJERE, se yon seri tandans goch swa dizan, pwogresis, sosyalis, kominis, patriyòt k ap mete Dessalines nan menm Panye ak asasen l yo sou pretèks tout se ewo nasyonal, yo tout se menm NOU, pa gen diferans ant yo, tout se AYISYEN. Se yon fason pou detoune lespri klas pwoletè yo sou lit de klas ak enpòtans entènasyonalis revolisyonè a. Kan yo pale, yo vle montre se pou Ayiti y ap  goumen, ki vle di nan enterè ni gwo boujwa ak grandon e ni pèp la.

Dessalines goumen a kote Christophe e Petion pou lendepandans nasyonal. Makandal, Boukman, Bwa Kayiman pa t nan goumen pou endepandans nasyonal jan entèlektyèl restavèk boujwa, djoul enperyalis vle fè kwè l la. Militan revolisyonè esklav yo tap goumen pou yon revolisyon total kapital. Dessalines mouri asasine paske li te vle kontinye lit revolisyonè a apre endepandans nasyonal la pou tout ansyen esklav ki te vinn lib apre 29 dawout 1793, jwenn menm pozisyon egal ak ansyen lib tankou Toussaint, Christophe, Petion ki te deja ap byen mennen epòk kolonyal yo. Lè Dessalines di: « nous avons tous combattu pour la liberté et j’entends que les biens vacants des colons soient redistribués à parts égales ». Li tap pale de NOU ANSYEN ESKLAV NAN CHAN AK ATELYE. Men, reyaksyonè ak moun dwate goch se NOU AYISYEN KI ENTERESE YO KOM DJOUL BOUJWA.

Klas popilè yo pa dwe tonbe nan pyèj tout ewo se menm. Nou pa dwe pran nan fo mamit peyi a mal depi premye janvye 1804 a jodi. Fòk nou klè, Leta Dessalines t ap monte ant premye janvye 1804 a 17 oktòb 1806 la kraze e tout move sò ki tonbe sou relèv peyi Ayiti a kòmanse a pati 17 oktòb 1804.

Li enpotan tou pou mas popilè yo tou demake yo de Moise Jean-Charles kap itilize nom Dessalines pou fè ekilib ant  klas dominant yo e klas eskplwate domine yo pou dirije Leta nan sans enterè boujwa ak enpeyalis yo kont tout màs popilè yo.

An reyalite Non Dessalines vle di REVOLISYON RADIKAL NAN ENTERÈ KLAS DEFAVORIZE YO KONT ENTERÈ TOUT KLAS DOMINAN E POSEDAN.

Li enpòtan pou vrè revolisyonè yo ak pwoletarya ayisyen degaje yon konpreyansyon komen sou koz dram 17 oktob 1806 la, kote depi 3 septanm 1806, klas dominant yo nan Sid te kòmanse ap touye tout pwòch Dessalines apre pasaj li nan depatman an pou t al mete lòd nan verifye tit pwopriyete  fonksyonè leta tap fè magouy nan fè fo papye pou pitit deyò kolon blan. Menm apre 17 oktob 1806, reyaksyonè ki te pwogresis nan lit pou endepandans nasyonal la te kontinye ap touye Dessalinyen pou jouk 3 me 1844, se konsa, yo te asasine nan Nò, Kapwa Lamò e Boisrond Tonnerre.

Lit pou endepandans nasyonal pa vle di REVOLISYON KLAS.

Pandan li enpòtan pou pwoletarya ayisyen alye l ak lòt klas pou koz souvrènte nasyonal, li dwe klè lit pou revolisyon klas mennen an menm tan nan kad yon otonomi pou evite 17 oktob refèt yon lòt fwa. Dessalines ak lòt yo pa t menm tankou Benoît Batraville pa t menm ak Charlemagne Peralte.

Goumen pou lendepandans nasyonal se youn, goumen pou revolisyon  klas oprime se yon lòt. Tout endepandans nasyonal ap prodwi yon nouvèl klas dominant e goumen pou revolisyon proletaryèn se ELIMINASYON TOUT KLAS POSEDANT, tout fòm PROPRIYETE MWAYEN POU PRODWI RICHÈS A TIT PRIVE.

Otè : STANLEY JEAN-MARY (Doudy)

L’article 17 OKTOB 1806-17 OKTOB 2024, 218 LANE DEPI KLAS DOMINANT YO AK LETA ASASINE DESSALINES  est apparu en premier sur Radio Télé Masseillan Info.