Radio Télé Masseillan Info - Plus de sens à l'info !
Source des données météo: Port-au-Prince météo demain heure par heure

Actualité du moment


Auteur : RTMI

Kisa ki « Effet Barnum » lan ?

« Effet Barnum » lan, yo rele l tou « Effet Forer », « Effet de Validation Subjective » oswa « Effet Puits », se yon mòd panse kote nou gen tandans aksepte yon deskripsyon jeneral sou pèsonalite nou kòm si l t ap pale de nou menm sèlman.

Nan lavi chak jou, nou souvan konfwonte ak sitiyasyon kote nou santi kèk fraz oswa deskripsyon pèsonalite sanble fèt espesyalman pou nou. Pa egzanp, lè w tande yon moun di : ou se yon moun ki gen bon kè, men ou souvan pa santi w apresye. Ou touswit santi se pou ou pawòl sa ye. Se lavi w l ap dekri. Men, èske w te konnen sansasyon sa a se yon efè sikolojik yo rele « Effet Barnum » ?

« Effet Barnum » lan, yo rele l tou « Effet Forer », « Effet de Validation Subjective » oswa « Effet Puits », se yon mòd panse kote nou gen tandans aksepte yon deskripsyon jeneral sou pèsonalite nou kòm si l t ap pale de nou menm sèlman. An reyalite, se yon ilizyon sikolojik ki fèt lè nou kwè yon fraz ki kapab aplike pou tout moun se yon bagay ki vrèman ap dekri nou. Se kalite efè sa a moun k ap fè owoskòp, « coaching motivation », gid espirityèl souvan itilize pou manipile kwayans ak santiman moun.

Fenomèn sa a, ki pote non P.T. Barnum, yon antreprenè ameriken ki te koni pou abilite li nan manipile emosyon moun, baze sou kapasite moun genyen pou aksepte deskripsyon jeneral ak vag kòm si yo te pèsonalize. An reyalite, sikològ Bertram Forer te fè eksperyans sou sa an 1948, kote li te bay chak etidyan yon deskripsyon pèsonalite ki te sanble trè presi. Malgre sa, tout elèv yo te resevwa menm tèks la. Rezilta yo te montre majorite etidyan yo te kwè deskripsyon an te koresponn ak yo pèsonèlman.

Sa ki eksplike efè sa a, se lefèt ke nou tout ap chèche validasyon emosyonèl epi nou gen tandans konsantre sou aspè pozitif yo, pandan n ap inyore sa ki pa koresponn ak nou. Se poutèt sa, nou fasil tonbe nan pyèj owoskòp, tès pèsonalite sou entènèt ak prediksyon moun ki pretann li lespri nou.

Pi lwen toujou, Efè Barnum lan ouvè chemen pou manipilasyon sikolojik. Moun ki fè fo pwofesi, fo gid espirityèl, oswa moun ki pretann yo ka li avni, pwofite sou feblès sa a pou kontwole kwayans ak desizyon moun. Kidonk, lè nou vin konsyan de mekanis sa a, sa ede nou devlope yon lespri kritik epi evite pran desizyon sou baz enfòmasyon ki pa fonde.

An reyalite, solisyon an pa tèlman difisil. Se aprann mande tèt nou chak fwa nou tande yon deskripsyon : « Èske sa ka aplike ak tout moun ? Èske se vrèman de mwen y ap pale, oswa se lide jeneral ki kapab mache ak nenpòt moun ? » Se nan refleksyon sa a nou ka evite manipilasyon epi vin plis okouran de fason lespri nou fonksyone.

Kidonk, « Effet Barnum » lan pa jis yon jwèt lespri. Li se yon kle pou konprann kijan nou pran desizyon epi kijan nou wè tèt nou nan sosyete a.

E ou menm, èske w panse w te deja viktim Efè Barnum san w pa t remake sa ?

Yon kesyon | Ribrik | RTMI

Sous : thedecisionlab.com

Partager

RTMI
RTMI

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *