Radio Télé Masseillan Info - Plus de sens à l'info!
Nan okazyon anivèsè 218 lane asasina lanmò gro revolisyonè ki rele Jean-Jacques Dessalines, 17 oktob 2024, komandite, konplote e dirije pa nouvo dirijan klas dominant nan tèt leta depi dat 18 oktòb 1806, li enpòtan pou klas ouvriyè a, travayè yo ak peyizan yo reflechi sou koz zak kriminèl sa ki depi lò mète tout mas popilè an jeneral nan menm soufrans epòk kolonizasyon kite chita sou systèm esklavaj e pi rèd san zèspwa apre gro batay yo te mennen Vètyè, Charye, dat 18 novanm 1803.
Moun ki etidye istwa andedan lekòl ak Inivèsite, jouk jodi a pa konprann apre 17 oktòb 1806, sou pouvwa Henry Christophe ant 28 desanm 1806 jouk 8 oktòb 1820; sou pouvwa Petion ant 10 mas 1807 jouk 29 mas 1818; sou prezidans Boyer ant 28 mas 1818 pou 10 mas 1843; sou prezidans Charles Rivière-Hérardant 4 avril 1843 pou 3 me 1844, pèsòn moun pat ka oze site nom Dessalines e pandan peryòd sa, chak 17 oktòb, gouvènman sa yo, se te lanmò “tyran” yo te konn selebre nan gro fèt bweson yon fason pou te fè kwè, 17 oktòb se rejwisans pou la LIBÈTE. Se te yon fason pou te demoralize klas popilè yo kote anpil nèg bosal yo te pran chimen mòn pou yo depi lè sa.
Jodia, tout tandans dwat jouk nan ekstrèm ki asime yo kòm reyaksyonè andedan peyi Dayiti, an Frans, Etazini, Repiblik Dominikèn, elatriye, montre tout la èn yo kont Dessalines. Men sak DANJERE, se yon seri tandans goch swa dizan, pwogresis, sosyalis, kominis, patriyòt k ap mete Dessalines nan menm Panye ak asasen l yo sou pretèks tout se ewo nasyonal, yo tout se menm NOU, pa gen diferans ant yo, tout se AYISYEN. Se yon fason pou detoune lespri klas pwoletè yo sou lit de klas ak enpòtans entènasyonalis revolisyonè a. Kan yo pale, yo vle montre se pou Ayiti y ap goumen, ki vle di nan enterè ni gwo boujwa ak grandon e ni pèp la.
Dessalines goumen a kote Christophe e Petion pou lendepandans nasyonal. Makandal, Boukman, Bwa Kayiman pa t nan goumen pou endepandans nasyonal jan entèlektyèl restavèk boujwa, djoul enperyalis vle fè kwè l la. Militan revolisyonè esklav yo tap goumen pou yon revolisyon total kapital. Dessalines mouri asasine paske li te vle kontinye lit revolisyonè a apre endepandans nasyonal la pou tout ansyen esklav ki te vinn lib apre 29 dawout 1793, jwenn menm pozisyon egal ak ansyen lib tankou Toussaint, Christophe, Petion ki te deja ap byen mennen epòk kolonyal yo. Lè Dessalines di: « nous avons tous combattu pour la liberté et j’entends que les biens vacants des colons soient redistribués à parts égales ». Li tap pale de NOU ANSYEN ESKLAV NAN CHAN AK ATELYE. Men, reyaksyonè ak moun dwate goch se NOU AYISYEN KI ENTERESE YO KOM DJOUL BOUJWA.
Klas popilè yo pa dwe tonbe nan pyèj tout ewo se menm. Nou pa dwe pran nan fo mamit peyi a mal depi premye janvye 1804 a jodi. Fòk nou klè, Leta Dessalines t ap monte ant premye janvye 1804 a 17 oktòb 1806 la kraze e tout move sò ki tonbe sou relèv peyi Ayiti a kòmanse a pati 17 oktòb 1804.
Li enpotan tou pou mas popilè yo tou demake yo de Moise Jean-Charles kap itilize nom Dessalines pou fè ekilib ant klas dominant yo e klas eskplwate domine yo pou dirije Leta nan sans enterè boujwa ak enpeyalis yo kont tout màs popilè yo.
An reyalite Non Dessalines vle di REVOLISYON RADIKAL NAN ENTERÈ KLAS DEFAVORIZE YO KONT ENTERÈ TOUT KLAS DOMINAN E POSEDAN.
Li enpòtan pou vrè revolisyonè yo ak pwoletarya ayisyen degaje yon konpreyansyon komen sou koz dram 17 oktob 1806 la, kote depi 3 septanm 1806, klas dominant yo nan Sid te kòmanse ap touye tout pwòch Dessalines apre pasaj li nan depatman an pou t al mete lòd nan verifye tit pwopriyete fonksyonè leta tap fè magouy nan fè fo papye pou pitit deyò kolon blan. Menm apre 17 oktob 1806, reyaksyonè ki te pwogresis nan lit pou endepandans nasyonal la te kontinye ap touye Dessalinyen pou jouk 3 me 1844, se konsa, yo te asasine nan Nò, Kapwa Lamò e Boisrond Tonnerre.
Lit pou endepandans nasyonal pa vle di REVOLISYON KLAS.
Pandan li enpòtan pou pwoletarya ayisyen alye l ak lòt klas pou koz souvrènte nasyonal, li dwe klè lit pou revolisyon klas mennen an menm tan nan kad yon otonomi pou evite 17 oktob refèt yon lòt fwa. Dessalines ak lòt yo pa t menm tankou Benoît Batraville pa t menm ak Charlemagne Peralte.
Goumen pou lendepandans nasyonal se youn, goumen pou revolisyon klas oprime se yon lòt. Tout endepandans nasyonal ap prodwi yon nouvèl klas dominant e goumen pou revolisyon proletaryèn se ELIMINASYON TOUT KLAS POSEDANT, tout fòm PROPRIYETE MWAYEN POU PRODWI RICHÈS A TIT PRIVE.
Otè : STANLEY JEAN-MARY (Doudy)