Radio Télé Masseillan Info - Plus de sens à l'info !
Source des données météo: Port-au-Prince météo demain heure par heure

Actualité du moment


Auteur : RTMI

Depi kilè prèt katolik yo pa gen dwa marye ? 

Kontrèman ak Prèt otodòks ak maronit yo, prèt katolik yo oblije rete selibatè. Men, èske w konnen sa pa t toujou konsa ?  Pandan prèske mil ane, prèt katolik yo te gen dwa marye. Sen Pè, premye Evèk lavil Wòm, te gen madanm. Genyen kèk Pap, tankou Fèlis III ak Ormidas, ki te papa fanmi. Donk, si maryaj Prèt yo te aksepte pandan tout tan sa a, poukisa li vin entèdi depi prèske mil ane ?

Gehende Priester, Pastoren, Kleriker , CP : Le Point

Nan premye syèk kretyen an, pa t gen okenn entèdiksyon fòmèl sou maryaj Prèt yo. Daprè istoryèn Isabelle Rosé, nan liv li Le Mariage des prêtres, une hérésie ? (PUF, 2023), Kris pa janm pale sou sijè sa a nan levanjil la, e pifò apot yo te marye. Konsa, Prèt yo te konn gen fanmi san sa pa t deranje pèsonn. Menm Sen Pòl, ki te konn fè diskou strik sou seksyalite, te gen yon pozisyon modere sou maryaj. Li te di : “Mwen panse seliba bon, men si ou deja marye, pa kite madanm ou. Si ou pa marye, pa chèche maryaj non plis.”

Kòmansman seliba fòse a

Se nan 4yèm syèk la kesyon seliba a kòmanse parèt lè kretyen yo vin gen plis pouvwa nan Anpi Wòm. Konsa, konsèy Elvira (an 305) te entèdi prèt yo marye apre yo fin òdone, epi li te mande sa ki deja marye pou yo sispann fè sèks ak madanm yo. Men, sa te aplike sèlman nan kèk kote, paske Legliz katolik la pa t ankò santralize.

Malgre sa, majorite prèt yo te kontinye viv ak fanmi yo san pwoblèm. Sitiyasyon an chanje nèt nan 11yèm syèk la, men se pa pou rezon espirityèl, men pito pou rezon materyèl.

Pwoteksyon richès Legliz la

Nan epòk sa a, Prèt marye yo te konn pase fonksyon relijye yo bay pitit gason yo, menm jan ak yon biznis fanmi. Sa te fè kèk fanmi prèt tounen veritab dinasti ki t ap kontwole byen Legliz la. Wòm te pèdi kontwòl sou pwopriyete legliz yo, pandan chèf fewodal yo te mete men sou tè ak resous relijye yo.

Se konsa, Pap yo te deside mete fen nan pratik maryaj Prèt yo. Yo te lanse yon veritab kanpay pou fè wòb ak madanm Prèt yo pase pou “femèl Satan” ak “pwazon pou nanm yo.” Pi radikal pami refòmatè yo, tankou Pyè Damian, te menm konpare yo ak jèn fi ki vann kò yo.

Men, selon istoryèn Isabelle Rosé, sa pa t sèlman yon kesyon lajan. Legliz la te bezwen ranfòse otorite li sou prèt yo, sitou andeyò Wòm kote enfliyans li te limite. Enpoze seliba a te pèmèt li mete lòd epi kontwole pi byen klerje a. Epitou, li te vle mete Prèt yo sou yon lòt nivo pase fidèl òdinè yo, pou fè yo parèt kòm yon gwoup apa, pi wo sou plan espirityèl la.

Rezistans kont seliba a

Malgre sa, anpil prèt pa t vle obeyi. Pap Nicolas II (1059-1061) ak Grégory VII (1073-1085) te pran mezi radikal : yo te oblije Prèt marye yo kite madanm yo, epi yo te deklare pitit Prèt yo ilegal.

Men, se pa t fasil pou aplike règ sa yo. Gen anpil Prèt ki te kontinye defann maryaj klèje a. Yo te di yo pa t mòn, men chanwa ( Klèje ki viv an kominote). Genyen ki te menm di, si yo pa t gen madanm, yo ka tonbe nan peche omoseksyalite, ki te yon gwo krim relijye nan epòk la.

Nan Angletè, wa Henri I te mete yon amann sou Prèt ki te viv ak madanm yo, malgre desizyon sa, pifò te prefere peye amann lan olye yo kite madanm yo. Se nan 12yèm syèk la seliba a te vin finalman aksepte ak plis restriksyon. Evèk yo te vin pi byen kontwole pa Wòm epi yo te kòmanse vizite pawas yo pou verifye si Prèt yo respekte règ yo.

Men, sa pa t anpeche kèk Prèt viv nan kache ak madanm oswa mennaj, menm jan sa toujou ap fèt jodi a.

RTMI

Sous : Le point / BFMTV / Diocèse de Paris 

Partager

RTMI
RTMI

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *