Radio Télé Masseillan Info - Plus de sens à l'info!

ATCART lanse yon pakou atistik ki pote lavi nan liv Plidetwal ekrivèn Évelyne Trouillot ekri. Travay sa a, ki pran fòm mizansèn, monològ ak aktivite sansibilizasyon, pèmèt gwoup la abòde gwo kesyon sosyete ayisyèn nan pandan y ap mete jèn yo epi bay jarèt ak literati kreyòl ayisyen an.
ATCART, ki se Atelier de Théâtre et de Création Artistique, pran nesans nan lane 2023. Se Nesly Jean Charles k ap dirije Atelye Teyat sa. Li se jiris ak jesyonè. Youn nan gwo chwa atistik ATCART se travay y ap fè sou liv “Plidetwal” ekrivèn Évelyne Trouillot ekri.
Daprè responsab ATCART Nesly Jean Charles, liv “Plidetwal” la sèvi kòm pwen depa pou plizyè mizansèn ki abòde tematik “Nan ki lang pou m pale avè ou”. Nesly Jean Charles eksplike li enterese anpil nan tèks sa a paske ekrivèn lan mete aksan sou gwo pwoblèm peyi a: mizè, grangou, ensekirite ak chay lavi anpil fanm ap pote an silans.
Pakou atistik ak “Plidetwal”
ATCART deja reyalize plizyè prezantasyon ak tèks sa a. Nan mwa novanm ki sot pase a, yo te jwe “Plidetwal” nan CLAC Gonaïves sou tematik “Nan ki lang pou m pale avè ou”. Komedyèn ki te pote wòl prensipal la se Maridzar Prospère, etidyant nan katriyèm ane Jesyon nan UNDH Gonayiv.
Aktivite ATCART pou janvye 2026
Nan kòmansman ane 2026, ATCART prevwa yon seri aktivite teyatral ki pral sansibilize popilasyon an sou reyalite peyi a. Yo gen pou entèvni nan plizyè enstitisyon tankou Lycée Fabre Nicolas Geffrard des Gonaïves, UNDH, Collège Immaculée Conception ak lòt sant edikatif.
Yon nouvo etap atistik: adaptasyon “Plidetwal” sou non “Nan ki lang pou m pale avè ou”
Dènye gwo pwojè ATCART lan se adaptasyon teyat tèks “Plidetwal”, ki se yon powèm-dram enpòtan Évelyne Trouillot ekri. Adaptasyon an pran fòm yon monològ ki pote tit “Nan ki lang pou m pale avè ou”. Travay sa a mande kat mwa travay entansif daprè Nesly Jean Charles, premye reprezantasyon ofisyèl la te fèt 30 novanm 2024 a senkè nan apremidi nan CLAC Gonayiv.
Aktris prensipal la, Maridzar Prospère, etidyant nan katriyèm ane jesyon nan UNDH nan Gonayiv, entèprere wòl la avèk anpil sansiblite. Li pote vwa yon pèsonaj ki senbolize anpil fanm ayisyèn k ap lite kont chay lavi, k ap fè wout yo ant doulè ak rezistans.

Pawòl metè an sèn lan: vizyon ak angajman
Nesly Jean Charles fè konprann motivasyon li nan pwojè sa a. Depi 2016, l ap fòme elèv ak etidyan nan domèn teyat nan vil Gonayiv. Depi de lane, li dirije ATCART, yon espas ki ofri jèn yo opòtinite pou devlope kreyativite ak konpetans atistik yo. Pou li, “Plidetwal” se yon tèks ki chaje emosyon ak sans sosyal. Évelyne Trouillot montre nan liv sa a kijan fanm yo soufri enjistis, silans, chagren ak presyon lavi. Se rezon sa ki fè li chwazi adapte tèks la pou sèn nan. Li remèsye ekrivèn lan pou otorizasyon espesyal li te bay pou ATCART travay sou èv literè sa a. Daprè li, pwojè a se plis pase yon mizansèn: se yon travay memwa, yon apèl ak konsyans kolektif.
Objektif ATCART: mete limyè sou literati kreyòl la ak angaje jèn yo
Misyon ATCART depase aspè mizansèn lan. Gwoup la vize mete an valè literati kreyòl la, ankouraje jèn yo patisipe nan lavi sosyal ak kiltirèl, kreye espas refleksyon kolektif ak devlope talan atistik nan sant kominotè ak enstitisyon edikatif yo. Adaptasyon “Nan ki lang pou m pale avè ou” rantre dirèkteman nan objektif sa yo: sèvi ak atizay pou poze kesyon, pou reveye konsyans, e pou reflechi sou direksyon sosyete a.
Feguerson Fegg THERMIDOR
ecrivainfeguersonthermidor@gmail.com