Radio Télé Masseillan Info - Plus de sens à l'info !
Source des données météo: Port-au-Prince météo demain heure par heure

Actualité du moment


Auteur : RTMI

Yon kesyon |  Èske w te konnen makiyaj ou itilize a ka mete sante w an danje?

Depi kilè ou tchyeke dat ekspirasyon pwodwi makiyaj ou yo? Èske w konnen lè yo ekspire, yo ka gate po w oswa mennen ou lopital? Eske w konn lave bwòs ou yo? Eske w deja prete maskara oswa eseye yon lipstick nan yon magazen? Ki atik nan twous makiyaj ou ki gen plis bakteri ladan l: maskara, eyeliner, eponj oswa bwòs?

BBC fè yon gwo ankèt sou makiyaj. Jodi a, nan ribrik « Yon kesyon » nan RTMI, nou gen plezi prezante w rezilta ankèt sa a ki gen anpil enpòtans pou tout fanm ki fè makiyaj.


BBC te pran plis pase 70 pwodwi makiyaj ki te ekspire (eyeliner, gloss, lipstick, fondeten, bwòs, eponj…) epi mete yo anba mikwoskòp yon chèchè nan London Metropolitan University, Dr Maria Pilar Botey-Salo. Rezilta yo te chokan.

Echantiyon ki te pi kontamine a, se te kreyon pou je a. Yo te jwenn anpil bakteri ladan l, tankou staphylococcus. Bakteri sa a ka soti sou po a, epi li ka lakoz maladi tankou iritasyon, konjonktivit, enfeksyon po ak lòt.

Doktè a eksplike si po w pa blese, gen plis chans pou bakteri yo pa rantre. Men si ou gen blesi, oswa si sistèm iminitè w fèb, sa ka vin danjere. 

Lè ou pa lave men ou, ou mete bakteri sou figi w. Pi mal toujou, gen pwodwi kote yo jwenn bakteri ki soti nan poupou. Wi, ou li byen. Enterobacter cloacae, yon mikwòb ki abite nan trip, yo te jwenn li sou kèk pwodwi. Soktè maria konseye pou fèmen twalèt la avan ou tire dlo, paske ti gout dlo ki gen mikwòb ka vole jouk 2 mèt wotè.

Yo jwenn tou E.coli (ki soti nan poupou), ak fongis ki ka bay « Candida » (maladi nan bouch oswa pati entim). 79% a 90% pwodwi makiyaj yo gen mikwòb ladan yo, dapre yon lòt rechèch Aston University te fè.

Kisa pou w fè pou pwoteje tèt ou?

Men konsèy Dr Botey-Salo ak lòt ekspè yo bay :

• Lave men ou anvan ou mete makiyaj

• Pa sèvi ak testè nan magazen

• Lave bwòs ak eponj yo ak dlo cho ak savon. Seche yo byen

• Pa kite makiyaj nan twalèt

• Toujou mete kouvèti sou maskara, eyeliner, fondeten 

• Tchyeke dat ekspirasyon pwodwi yo. Si pa gen dat, jete l apre 3 mwa

• Pa pataje makiyaj ak pèsonn

• Si ou gen maladi oswa sistèm defans ou fèb, fè plis atansyon.

Se vre, tout moun renmen bèl. Men pandan n ap chache fè bèlte a, fòk nou pa bliye sante nou ki pi enpòtan pase tout bagay. Makiyaj ka mete konfyans, li ka mete souri sou figi n, men li ka tou mete mikwòb sou po nou, enfeksyon nan je nou, ak maladi anndan kò nou. Lè nou bliye lave men nou, netwaye bwòs nou, chanje pwodui ki ekspire yo, oswa nou kite twous makiyaj nou nan twalèt nou, se pa sèlman bèlte n  nou mete an danje, se lasante nou tou.

Pandan n ap kontinye fè tèt nou bèl, an n pa bliye detay sa yo ki enpòtan anpil : mikwòb yo, dat ekspirasyon pwodwi yo, epi sa ki ka pase si nou pa fè atansyon. Paske makiyaj ka kache bouton, li ka mete koulè sou figi, men li paka kache risk.

Sonje byen, pi bon makiyaj se yon po ki an sante.

RTMI | Yon kesyon

Partager

RTMI
RTMI

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *