Auteur : John-Abdorinel TEBAUD

Desalin: senbòl libète mondyal la, èske li toujou yon referans an 2025?

Otè : John-Abdorinel TEBAUD

Jan-Jak  Dessalin , Papa Nasyon Ayisyèn nan, rete pi gwo figi ki senbolize libète, rezistans ak diyite pèp nwa sou latè. Soti nan esklav li te ye a rive lidè Revolisyon an, Desalin non sèlman te pwoklame Endepandans Ayiti premye  Janvye 1804 la, men li te etabli tou yon vizyon ekonomik radikal ki baze sou byen kolektif ak leta ki te jere komès, pou asire jistis sosyal ak sivi tout moun ki te fè pati nouvo nasyon an.

Malgre sa Desalin akonpli kòm premye moun ki te brize chenn lesklavaj la yon fason konplè epi ki te pwopoze yon refij pou tout moun oprese sou latè, jodi a gen yon diskisyon ki deklannche sou eritaj li. Dènyèman, yon jèn entèlektyèl Ekonomis, Pwofesè Etzè Emil  te deklare « Desalin pa ka yon referans an 2025, » yon pawòl ki choke anpil moun ki konsidere Papa Nasyon an kòm yon patrimwàn inegalab.

Moso pawòl  sa a pral fè yon analiz pwofon sou vizyon Desalin lan nan aspè batay, sosyete, ak ekonomi, pou reyafime poukisa Lanperè Desalin rete pi gwo referans lan pou konstwi yon Ayiti ki diy, jis, e ki gen yon pwojè sosyete solid pou plizyè milenè.

Desalin se moun ki pral kontinye batay Tousen Louvèti t ap mennen, ki te libète pou moun nwa nan Sendomeng, men ak yon vizyon ki ale pi lwen: batay pou yon endepandans total (Danntès Bèlgad). Apre pwoklamsyon endepandans lan premye janvye 1804, jeneral yo pral chwazi Desalin kòm gouvènè jeneral a vi pou dirije peyi a. Sa te lejitim paske nan epòk sa a pouvwa se te yon pouvwa militè, epi Desalin se te pi gwo chèf nan lame a. 8 oktòb 1804, Desalin pral pwoklame tèt li anperè sou non Jak Premye.

Desalin te rapidman montre li se yon pwogresis, yon vizyonè sou tout plan, li te gen yon pwojè ekonomik ki te depase tout dirijan nan mond lan nan epòk la. Objektif li se te asire yon ekonomi estab ak sivi tout Ayisyen. Sa li te reyalize nan mwens pase 3 lane. Se pou sa Desalin te premye moun sou latè ki te pwone sistèm kominis lan nan kesyon ekonomik ak sosyal, yon sistèm ki chita sou byen komen, pwopriyete kolektif kote pa gen moun ki posede anyen; tout bagay se pou tout moun.

Nan kad politik li, Desalin te pwosede pou rann tout byen ansyen kolon yo te abandone nan koloni an vin pou peyi a. Li te nasyonalize byen sa yo, apre sa li te etatize yo (se leta ki gen dwa sou yo) epi li te anfèmye yo. Aksyon sa a te gen kòm bi pou pèmèt chak moun , kit ou te wo plase oswa ansyen esklav , jwi byen peyi a te genyen aprè endepandans lan san fòs kote. Sa te reyalize atravè yon pataj ekitab de byen kote tout moun te gen posiblite pou jwi yo, li te kreye yon leta pisan, jis, dinamik san diskriminasyon.

Estabilite ekonomik sa a te fèt gras ak yon seri desizyon Desalin te pran nan kesyon komès ak agrikilti. Desalin te vle leta gen yon kontwòl total sou komès nan peyi a. Pami mezi komèsyal yo, te gen yon sistèm ekspòtasyon byen kalkile: Pou evite ke kapitèn bato yo favorize yon pwodui sou yon lòt (tankou kafe, ki te trè demande nan epòk la), Desalin te egzije pou chak bato k ap sòti nan pò yo dwe genyen kantite egal nan chak pwodui ki se sik, koton, kafe. Anplis de sa, li te entèdi konstriksyon gildiv epi vann bwa kanpèch (Vilè Patrik), yon mezi ki montre entansyon li pou pwoteje resous nasyonal yo. Kanta pou gè kont koripsyon, Desalin te mete yon seri ajan dwanye pou kontwole aktivite yo, epi paske li te sispèk yo ta ka tonbe nan koripsyon, li te mete lòt moun kontwole ajan sa yo, yon estrateji pou etabli yon leta ki tèlman fò, li pa t kite espas menm pou fwod.

Wòl Desalin nan listwa pa sèlman rete nan dimansyon lokal; li pa sèlman yon eritaj pou Ayiti, men yon senbòl pou tout moun k ap viv lib sou latè. Desalin te fòtifye peyi a pou pwoteje li kont tout menas ki ta ka soti a letranje.

Nan menm sousi sa, Desalin te fè tout fransè ki te rete nan peyi a bay peyi a blanch pou asire li pa t gen okenn ènmi anndan peyi a (Danntès Bèlgad). Pou l te pi byen asire respè mezi sa a, li te boule tout chan ak kay li te panse blan te ka kache ladan yo.

Malgre kapasite jewografik Ayiti pa t twò gwo, Desalin te kite peyi a louvri kòm yon refij pou tout moun ki oprese nan nenpòt peyi sou latè. Li te deklare solanèlman: « Nenpòt moun, depi w pile tè Ayiti, ou lib epi ou se Ayisyen menm jan ak tout lòt Ayisyen; si ou pa gen lajan, leta ap pran an chaj tout depans ki nesesè. » Sa montre dimansyon Desalin kòm yon Senbòl Libète Mondyal paske li te deside pran yon seri mezi pou rann tout moun sou latè lib (Vensan Plakoli).

Desalin se te premye moun sou latè ki pwone sistèm kominis lan nan kesyon ekonomi ak sosyal. Yon sistèm ki chita sou byen komen, pwopriyete kolektif. Pa gen moun ki posede anyen; tout bagay se pou tout moun. Li pa t kontante l de kreye yon leta miwo miba ak yon pil divèjans ki dekoule swa de koulè po oubyen plas moun yo okipe nan sosyete a, men yon leta pisan, jis, dinamik, ak yon pwojè sosyete ki chita sou yon baz devlopman ki te panse pou plizyè milenè.

Men Desalin pa t akonpli tout bagay sa yo pou yo sispann pran l pou referans   otomatikman lè li mouri. Etzè Emil, yon jèn entèlektyèl epi yon lidè enfliyan nan peyi a, fè yon deklarasyon ki te choke anpil moun. Li te di nan yon entèvyou: «Desalin pa ka yon referans an 2025». Deklarasyon sa a te lakoz anpil reyaksyon nan kominote entèlektyèl yo. Gen moun ki panse opinyon ekonomis lan se yon ensil anvè papa nasyon an, anvè tout Ayisyen, epi menm anvè tout moun k ap viv lib sou latè. Sa nòmal paske manyen Desalin se tankou manyen tout Ayisyen.

Mwen menm, kòm moun ki tande diskou a, mwen konprann Etzè Emil te vle fè n yon leson, men se te yon leson li te mal aprann. Petèt li se youn nan viktim lekòl kolonyal la, yon modèl lekòl ki aprann nou rayi idantite nou, ki aprann nou jete sa ki pou nou. Lekòl sa a anseye yon bann « kolonize mantal » rayi Desalin pou yo ka adopte blan. Lekòl sa a pwodui moun ki fèt Ayiti men ki mete yon mask fransè oswa ameriken sou tèt yo pou detwi peyi a (Frantz Fanon). Se moun sa yo nou rele esklav mantal lakay nou.

Nou konprann jan sa difisil lè yon moun pa byen konprann yon bagay epi l ap eseye fè lòt moun konprann li. Se sa k fè m di wi, ekonomis lan te ka vle rale zòrèy dirijan yo pou fè yo santi yo ap fè yon move travay, men nan awogans ak konfò li li te mal pwosede.  S on  nivo awogans san parèy  tankou lè zip mòde grenn lè li te vle fè nou kwè Desalin pa ka yon referans an 2025. Pandan ke menm nan lenfini, malgre tout sa nou ta reyalize, ke okenn lòt nasyon pa ka fè, Desalin pap janm gen egal, epi l ap toujou rete pi gwo referans ak patrimwàn nou. Se la a tout chaj diskou a chita.

Otè : John-Abdorinel TEBAUD

Partager

John-Abdorinel TEBAUD
John-Abdorinel TEBAUD

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *