Radio Télé Masseillan Info - Plus de sens à l'info!
Devine nimewo ki pral sòti nan Loto se rèv tout moun. Ebyen, yon gwoup etidyan matematik ki soti nan Inivèsite Lecce, nan sid Itali, reyalize sa gras ak entèlijans atifisyèl. Daprè jounal Le Parisien, etidyan yo devlope yon algorit ki te analize nimewo ki te sòti pandan 2 dènye ane yo epi idantifye sa ki te parèt pi souvan. Rezilta a te fenomenal : yo ranpòte 43,000 ewo.
Pou rive fè sa, etidyan yo te valide premye paryaj yo nan yon biwo tabak nan vil Monteroni di Lecce. Premye esè a te fè yo ranpòte 4,500 ewo. Apre sa, yo deside amelyore algorit la epi mete 300 ewo sou dezyèm paryaj la. Boum ! 43,000 ewo nan pòch yo!
Sa a mete anpil moun nan reflechi, paske Loto konsidere esansyèlman kòm yon jwèt aza. Sepandan, an 2021, yon fransè ki te ranpòte 30 milyon ewo te afime li te itilize estatistik ak fòmil matematik sèlman pou l te fè yon djakpòt.
Selon done ofisyèl « La Française des Jeux » (FDJ), nimewo ki parèt pi souvan depi jiyè 2019 yo se : 6 (12.01%), 28 (11.78%), 7 (11.66%), 15 (11.66%) ak 31 (11.55%).
Boutofen, eksperyans etidyan sa yo louvri yon nouvo chemen kote entèlijans atifisyèl ka kraze mit ki fè kwè Loto depann sèlman de chans.
Sous: Le Parisien