Radio Télé Masseillan Info - Plus de sens à l'info !
Source des données météo: Port-au-Prince météo demain heure par heure

Actualité du moment


Auteur : James Antoine

Fanm klèb, Ba ou sèvez : yon nouvo fòm pwostitisyon nan Pòtoprens

Depi gran tranbleman tè 12 janvye 2010 la, aktivite klèb yo pa sispann pleple nan kapital pòtoprens lan. Sou tout  bò lari Dèlma, Taba ak lòt kote nan kapital la, nou remake plizyè medam ki swa chita oubyen kanpe devan yon  Ba-Restoran. Ti bout jip ra bouda, pantanlon san fouk, yon seri abiman pou mete kò yo an valè, nan optik pou atire kliyan an. Konsa, kliyan ki rive konsome a s on  moso lespwa anplis paske yo espere pase yon bon moman, petèt yon bon lannwit.  Bon moman si kliyan konsome anpil byè, paske sou chak boutèy yo gen 15 goud, mete sou « tape » kliyan sa kapab ba yo (yon monnen kliyan chwazi fè kado selon apresyasyon l pou fanm ki sèvi l la). Yon bon lannwit, si kliyan aksepte al dòmi ak moun sa a.  Se konsa lavi  kèk Fanm-Ba , pa sispann transfòme nan yon lòt fòm pwostitisyon nan Pòtoprens. 

Pou n konprann byen lavi fanm k ap travay nan ba yo, nou t al founi je gade kouman sa ap dewoule nan klèb yo. Fanm  ki majorèt nan  bwase ren an, se avantaj li devan kliyan yo. Nan relasyon sèvez ak kliyan, kliyan kapab menm manyen oswa frape dèyè yo. Sa depan ralasyon kliyan ak sèvez la.  Poukisa fanm yo pase de Fanm-Ba pou vin postitiye ?

Foto pou ilistrasyon | ©️KOACI

Ayiti, travay fanm yo trè limite. Nou ta ka menm di anpil  fanm p ap  travay, akoz  fòm repwodiksyon ki nan espas sosyal yo. Sa yo k ap travay yo, ti grapday yo antre a,  pa sifi pou satisfè bezwen yo. Anplis de sa, yo pa fasil okipe gwo pòs yo. Fòk nou souliye tou travay fanm yo souvan rete envizib. Pa egzanp : bale, pase, lave, fè manje, pwòpte bebe, anpil fwa pa konsidere kòm travay pou anpil gason.  Se sa a menm madam  Mathieu Nicole-Claude rele « travay envizib la ». 

Travay nan yon Ba-Restoran Ayiti fè pati  malerezman travay degradan yo. Majorite nan yo pa pran jenn fanm k al lekòl. Kontrèman ak lòt peyi tankou Lafrans,  se yon travay pou fanm ak gason ki kalifye. Nan sans n ap pale la a, jenn gason ak  jenn fanm ki travay nan Ba-Restoran yo souvan gen diplòm nivo « CAP/BEP – Bac » sa vle di Bak pwofesyonèl oswa brevè pwofesyonèl Barman. Osinon, gen fòmasyon nan otèlri ak restoran ki ka konplete ak yon mansyon konplemantè anplwaye Barman. Se egzijans sa a yo pou w ranpli si w vle travay korèkteman nan ba nan peyi Lafrans. 

Sepandan, an n Ayiti, pou n pi dirèk nan komin Dèlma, travay sa a rezève pou fanm ki gen gwo dèyè, grimèl ki kapab ouvè lekò, san yo pa pran an kont fòmasyon pwofesyonèl yo. 

Nan kèk Ba-restoran-otèl, Fanm-Ba yo gen yon doub fonksyon. Premyeman, yo dwe ale chèche bwason pou kliyan yo, danse, pale ak kliyan, si l vle . Dezyèman, yo mete yo nan yon espas byen defini, selon degre atirans kliyan an, swa pandan pandan y ap bwè oswa aprè, yo ka pase yon moman ansanm nan otèl la. 

Darline, yon bèl fi nwa, dan blan, ak yon bèl souri, 19 lane, prèske toutouni. Li te rive nan NS1, akoz mank mwayen, li te oblije sispann etid li. Kesyone l sou travay l ap fè a, li deklare : « Nou fè kòb vre, men se pou mèt klèb la. Nou gen sèlman 15 pyas sou chak byè. Si yon moun ap ban nou « tape », se sou kès  la pou l kite l  pou nou. » 

« Se pa paske m renmen sa m ap fè a, kòm ou konnen pa gen travay, nou reziyen nou. Kisa nou ka fè ? » se deklarasyon li. 

Pou T-kale, yon fi ak bèl koulè jòn, bèl tèt dyòl byen awoze, ak gwo dèyè, yon tatou papiyon nan do l , manman 3 pitit, li deklare : « Aaa pa vrèman gen zafè non, m fè ti kòb la se vre, men se pa pousantaj la,  ni « tape », se  plis  ti moman yo. »

Sa fè 8 lane depi T-kale ap travay nan domèn nan, e depi 3 lane, li te kòmanse vann moman, akoz sitiyasyon difisil ak ensekirite ki afekte tout aktivite ekonomik li yo, menm Ba-Restoran kote l ap bouske penitans li an, ensekirite afekte tout nannan l.

Natacha sòti nan vil Akayè, yon jenn fi 25 lane ak 2 pitit gason pou l okipe pou kont li, ap rakonte n reyalite l. Li gen 2 lane eksperyans kòm Fanm-Ba , li te kòmanse nan novanm 2023. « Depi 2024, mwen ak 2 zanmi, n ap travay la, m ka di, nou te konn byen travay avan, nou te konn fè kòb. Men kounye a se kòb manje ak kòb transpò a sèlman nou ka fè » se sa li eksplike. 

Jèn fi sa ki viv yon eksperyans li pa t janm swete rakonte nou istwa l nan travay nan Ba-restoran. Nou deside rele l Jasmine. 

« Nan lane 2020 m t ap travay sou channmas la sou « Place des Artistes », Bòs la te apresye m anpil paske m te ra sèvez ki te atire tout kliyan sa yo. M te konn fè bon ti kòb, men aprè yon ventèn jou m te oblije kite travay la akoz konpòtman yon seri kliyan ki t ap asele m, menase m paske m pa nan lojik kouche ak kliyan, m pa bouzen » se sa li rakonte n. 

Aprè Jasmine fin kite Channmas, li deside al chache travay nan Ba-restoran-otèl yo, ki selon li menm kapab diferan ak Channmas. Li eksplike li jwenn yon travay nan « Sensation Bar-resto » ki twouve l toujou sou Channmas la. 

« Kòm jèn fi ki te bezwen lajan pou m fonksyone, m antre Sensation pwiske m te konn manje la, pou m mande travay. Yo mande pou m fè yon semèn estaj. Nan premye jounen an gen yon kliyan ki parèt ki sanble se zanmi patron an, li manyen dèyè m kareman, m bliye kote m ye pou m klase l. Patwon an li menm vini pou l di m si se konsa m pa p ka travay la. » 

Jasmine eksplike depi lò li kite koze konsa a. Pou kounya li gen metye l ap viv sou li. 

« Etenn limyè yo nou pral manyen sèvez yo » se ekstrè yon mizik DJ k ap woule nan espas sa yo. Depi w se sevèz, ou pa gen konsantman, rete la bay manyen w. (Se sa pawòl sa ta vle di.) W ap konprann nan ki nivo yon seri atis kontribiye nan ankouraje vyòl sou fanm ak diskriminasyon nan sosyete a. 

Jan nou remake a, espas Ba-resto-otèl yo ap transfòme yon seri jèn fanm k ap chache travay pou reponn ak bezwen preliminè yo an postitiye. Sitiyasyon sosyo-ekonomik la se yon eleman enpòtan nan chanjman estati fanm sa yo, ki souvan paka pale, denonse oubyen kite travay la paske yo pa gen lòt altènativ. Lè n konsidere avantaj modèl fonksyonman sa a pote pou patwon espas sa yo, y ap kontinye fè medam yo yon seri egzijans ki pa p mennen yo lòt kote, men nan pwostitisyon. Nan ekwasyon sa a kote Leta li menm gen responsabilite pa li, kiyès reyèlman ki gen tò ? Èske n kapab dedwane jèn fanm yo de tout responsabilite yo? E patwon yo, odela enterè pou fè plis pwofi, kote respè valè moral yo pase ? 


Otè : James ANTOINE 

Partager

James Antoine
James Antoine

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *