Radio Télé Masseillan Info - Plus de sens à l'info!

Nan moman sakre fèt Gede a, kote vwa mò ak vivan melanje nan menm ritm lan, powèm « Se ou menm ki mete m nan sa » leve tankou yon boula sou tanbou ki bat nan kè lwa yo. Mèt Vèb pote yon pawòl chofe, yon melanj dous ak piman, yon vwa ki boule nanm ak kò.
Chro.Lit kontan prezante w powèm sa, kote lanmou, politik, relijyon, ak piman melanje nan menm govi a. Mèt Vèb se modèl Powèt « yon dous yon cho », ki pote yon pawòl boule, pafwa dous kou siwo dòja.
Pwezi sa a se yon dife k ap bat nan vant Ginen. Li l !
Se ou menm ki mete m nan sa
Nan jwèt oslè anba bab bayawonn
kako w pandye
tankou solèy
k ap leve aprè move tan
nan jwèt marèl
nan lakou Janpipre
m rive nan syèl ou
tankou van
k ap pote vwalye m
chak kout pagay
ou bay bwafouye m
mete m pi pre resif
kote krab akokiye
nan pye zetwal
se ou menm ki mete m
nan konte sik nan kafe
yo fè ak te kilòt ou
se ou ki moutre m
chimen limyè
se kalòt prezidan
pran nan fèt laprimati
Mwen wè foumi pote
tout kò m
nan on lavalas gouyad
kote moso katon karès
fè dapiyanp sou lespwa
Ou te di m
se nan kondisyon
kòk bat
renmen gangan
se renmen chwal li
Se ou menm ki mete m
M pa fouti fèmen je m
lè se pa ou k ap chofe m
si m te pi womantik
m t ap di w
koupe branch zetwal
pou lalin mwen chita
m fè devosyon sou pay mayi
lè w fin mouye kabann mwen
ak akòdeyon bann ou
mete piman nan poban m
Se ou menm k ap konte
kantite piman y ap sifoke
nan kalson
ban m piman
jouk lwa m touye channmas
sa fè lontan m chita nan vil la
Lakansyèl mwen fin bwè dlo
Se egoyis ki pa kite mak
Kote l met pye l
Ou menm ou la
Maten
Midi
Aswè
W ap mounou-mounou
ban m piman
mete piman anwo revandikasyon
pwèl mwen pot bay Leta
piman bouk
soufle piman nan venn
jouk li toufe PHTK
se ou menm ki plonje m
ou te di m
sou presyon grangou
m pote lespwa marinad
w ap la jouk zandolit
kanni sou fetay malere
Men m te replike
nan fènwa fouk pantalon w
m wè klè kou dlo kòk
rès piman simityè
pòtoprens
se ou menm k ap pote m
Anba pye siwèl la
n ap fè lapli tonbe
jouk tout moun kotfè
kite bouk la
Kotfè s on vil dous
men pa douvan pwent tete w
lè siwo sou tèt koulèv
se pòtoprens ki manje kasav
Sonje m te di w
powèm nan s on moso twal
k ap baloye
nan pandri Leta
lè moun solino desann nan Kafou
Se pou ou
m ekri anba vant fatra
k ap defile Taba
nan kwen je Okap
chak fraz
pote moso priyè
tout vil la anba zèsèl mwen
k on je m klè
se ou ki vil la
epi g on moun fou ki pran chante
Se ou menm ki mete m
se ou menm ki mete m
ou menm ki mete nan sa
mete m nan sa
nan sa
mete m
Machè
ban m piman m
Otè : Guillol VICIÈRE « Mèt Vèb »