Auteur : RTMI

Yon kesyon  | Poukisa limyè ble ekran an konn anpeche nou dòmi ?

Limyè ble se yon kalite limyè ki gen yon longèdonn (longueur d’onde) kout (ant 380 nm ak 500 nm) e ki emèt anpil nan ekran telefòn, tablèt, konpitè ak televizyon. Limyè sa a pi « entans » pou je a e li gen kapasite pou afekte ritm sikadyen (rythme circadien) nou, sa vle di mont enteryè ki kontwole lè nou reveye ak lè nou dòmi.  

Nan kò a, òmòn melatonin se mesaj natirèl ki di sèvo a « li lè pou dòmi. » An tan nòmal, kò a kòmanse pwodwi melatonin tanzantan apre solèy kouche; sa ede kò a prepare pou repo lannuit la. Men lè nou ekspoze tèt nou a limyè ble nan aswè, sèvo a entèprete li tankou limyè solèy la epi ralanti pwodiksyon melatonin, sa ki fè li pi difisil pou dòmi pran w e ki ka retade sik dòmi-reveye a.  

Etid syantifik yo montre menm yon èdtan ekspoze a limyè ble anvan kabann ka diminye melatonin jiska plis pase 50 %, sa ki lakòz moun pran plis tan pou dòmi e gen mwens dòmi pwofon. Pwoblèm nan pa sèlman tan pou tonbe nan dòmi, men tou « kalite » dòmi an ka afekte.  

Anplis, ekspoze a limyè ble nan aswè ka fè sèvo a panse li toujou lajounen, kidonk li pa lage siyal ki nesesè pou kò a chanje nan « mòd repo. » Sa eksplike poukisa lè w ap gade ekran li fè w rete reveye, menm si w santi w fatige.  

Etid yo montre tou si yon moun evite limyè ble 1–2 èdtan anvan l dòmi, sa ka ede melatonin retounen pi rapid epi fè w dòmi pi byen. 

Men kisa w ka fè pou evite ekspoze je w ak limyè ble ekran. Limite itilizasyon aparèy, sèvi ak mòd « nwit » oswa filtè limyè ble, oswa senpleman chwazi aktivite kalm tankou li yon liv anvan w kouche.  

N ap raple w limyè ble pa sèlman nan ekran w ap itilize yo; limyè LED nan chanm nan oswa lòt sous limyè entans nan aswè ka genyen menm efè a sou ritm sikadyen ou.  

RTMI

Partager

RTMI
RTMI

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *